Ayiti: Libète ak kreyativite, soti nan mòn rive nan Lanmè
Premye janvye 1804, gen yon evènman san parèy ki rive nan istwa lemonn. Se premye fwa yon revolisyon esklav debouche sou kreyasyon yon peyi. Ansyen esklav sa yo, ki se yon gwoup desandan afriken, te reyalize pi gwo mouvman liberasyon ki janm fèt kont kolonizasyon ak lesklavaj.
Se konsa Ayiti te tounen dezyèm peyi nan Amerik ki te vin endepandan 28 ane sèlman apre Etazini. Pi ta, Ayiti te sèvi kòm enspirasyon epi ede pèp Amerik Latin, Karayib ak Afrik yo batay pou liberasyon. Kounyea, apre 200 ane, Ayiti ap kontinye fè nou sonje enpòtans libète, ansanm ak pri pou moun peye pou kenbe libète yo.
Nan lang Tayno yo, Ayiti vle di "Tè ki gen mòn". Mòn Ayiti yo senbolize revòlt, rebelyon, ak rezistans, paske Tayno ak Afriken ki te chape sòti nan lanfè esklavaj la, te moute sou tèt mèn yo pou al viv nan mawonaj epi al òganize rezistans. Se nan konsa yon lame ki te genyen ladan l bann mawon ki te sòti nan mòn yo, ansanm ak sòlda Tousen Louvèti ak Jan-Jak Desalin tap kòmande, te libere koloni franse yo te rele Sen Domeng Ian.